#Local Government
Target:
Palais National/Parlement Haitien/ Primature
Region:
Haiti
Website:
www.facebook.com

Tout moun ki se moun Nòdwès osinon ki vle sipòte moun Nòdwès nan sitiyasyon kritik yap viv, pran tanw li Petisyon sa ke nou pwal voye bay Prezidan Jovenel Moise, Premye minis Lafontan ak Palman Ayisyen an epi sinye li. Paske nou vle moutre otorite yo kantite moun ki paka tann wout Kafou-Jòf/Pòdepè ankò ak Lopital Imakile. Moun Nòdwès nou se moun se pou nou revandike dwa nou. Poukisa Pòdepè toujou trete konsa ? Poukisa dirijan nou yo pa janm vle fè anyen serye pou Nòdwès ? Repons lan se paske nou toujou chita kwaze pye nou epi nap tann ! Fwa sa nou dwe leve kanpe. Petisyon sa ak sinyati tout moun ki pwal anbal se premye etap nan yon batay ki pwal pran lòt fòm eki pap piti.

Nou te vote Prezidan Jovenel Moise, Lite di nou ke li konnen sa nou bezwen paske se lal te ye ak nou. Moman rive pou Prezidan Jovenel Moise di nou aklè kisa lap fè ? E fòk nou wè sa akp fèt !

Ekselans Prezidan Jovenel Moise, Premye Minis Jac Guy Lafontant ak Manm Palman Ayisyen an

Moun depatman Nòdwès vle atire atansyon nou sou jan tout lòt gouvènman pase yo toujou meprize depatman Nòdwès. Sa tèlman vre ke nou se youn nan ra depatman ki pa gen yon sèl Lopital serye, ki pa gen yon sèl Km wout ak okenn lòt fòm enfrastrikti. Sitiyasyon sa yo kontinye sasiyèt lespri nou jouk jounen jodia e nou poko konvenki ke administrasyon Moise-Lafontant an pwal fè ladiferans. Poutèt sa nou adrese nou petisyon sa ki temwanye volonte tout moun kap viv nan Nòdwès ak sa kap viv deyò.

Nan non tout moun ki mouri nan aksidan sou wout Kafou Jòf/Port de Paix nou mande epi egzije ke santye travay konstriksyon wout la komanse prese presye. Nan non tout pwòch nou ki mouri paske pa gen bon lopital ak materyel nou egzije yon lopital de referans pou depatman Nòdwès. Kòm nou sèten ke Prezidan Jovenel ak Premye minis Lafontant pa gen entansyon kriminèl, nou rete kwè kri sa pwal sonnen nan zòrèy nou byen fò epi nou pwal pran tout mezi nesesè poun amelyore kondisyon lavi moun Nòdwès lè nou degaje nou kou mèt Janjak pou nou bay wout kafoujòf Pòdepè ak yon Lopital ki pa espesyalize nan voye moun nan simityè.

Prezidan Moise ou konnen byen ke pèp ki pi saj la ka vin sovaj lèl santi politisyen abize epi gaspiye sajès li. Pasyans moun Nòdwès fini e nou regrèt se sou youn nan pitit li yo li fini.

Avèk imilite

Moun Nòdwès

GoPetition respects your privacy.

The Wout Kafou Jòf Pòdepè ! petition to Palais National/Parlement Haitien/ Primature was written by Wout Pòdepè -Kafou Jòf and is in the category Local Government at GoPetition.