#Environment
Target:
SMCRS; LES MAIRES; LE SENAT; LA CHAMBRE DES DEPUTES; LA PRESIDANCE.
Region:
Haiti

Tout peyi ki mete vi sitoyen yo avan tout lot bagay gen on plan pou fatra, malerezman peyi nou pa gen plan sa.

Ayiti gen espwa pou li paske Ayisyen ap respire toujou. Nou pa deside viv sou fatra anko, moman rive pou nou mete ansanm pou n siyen Petisyon sa, pou n ka chanje figi peyi nou.
Ayiti bezwen:

Poubel nan tout kwen vil yo;
Poubel pou domisil prive yo achte;
Machin spesyalize ki pou pase vide yo al jete kote ki prepare pou sa.

Nou bezwen sistem sa non pou 2 jou men pou tout tan ke Ayiti ekziste.

Responsab yo ap domi an nou reveye yo ak Petisyon sa. An nou siyen poun montre yo nou pa zonbifye, nou konn sak bon e ke nou bezwen figi peyi a chanje.

AYITI BOUKE DOMI LEVE SOU FATRA

Siw pa aji sa vle di ou dako eta peyi a ye a.

GoPetition respects your privacy.

The AYITI BOUKE DOMI LEVE SOU FATRA petition to SMCRS; LES MAIRES; LE SENAT; LA CHAMBRE DES DEPUTES; LA PRESIDANCE. was written by Ghislaine Pierre and is in the category Environment at GoPetition.