#Students' Rights
Target:
Université Quiskeya (UniQ)
Region:
Haiti
Website:
www.uniq.edu

Nan sitiyasyon aktyèl peyi a ap viv la anpeche moun ki gen dezi aprann al lekol. Se dènye bagay responsab nan inivesite Quiskeya ta sipoze panse a fe. San nou pa bliye ke lekòl sa se yon antrepriz a bi non likratif. Nou panse ke yon chanjman konsa pa dwe fet nan yon bat je femen je e sesi lè lide yo di yo, sa ta sipoze fèt nan yon gro chita pale ak tout reprezantan etidyan yo pou prezante motif chanjman pri yo. Sa montre ke yo pa genyen respè pou etidyan kap achte sèvis nan institisyon sila. Si ou menm kap li teks sa konsatate ke ou gen mo paw nan pawòl sa pa neglije met nonw nan lis la.

Gade konbyen kòb Université Quisqueya ap touche par an sou plis pase 3000 etidyan nan yon peyi tankou ayiti.
Problème nan pa la.

1- èske kòb yo mande à pou chak étidyan nan yon fakilte bay vo kalite ledikasyon nap resevwa nan men yo an?
R- ça dépend. Si gen bon Jan bibliothèque pou etidyan yo jwenn liv pou yo fè rechèch, mdakò.
Si tout pwofesè yo kalifye pou travail yo, mdakò
Si chak sesyon etidyan yo te jwenn oh mwen 10 kou, mdakò
Si te gen staj ase pou etidyan yo, mdakò
Si gen bon jan manje nan kafetery yo pou nou en tant ke etidyan, mdakò
Si gen yon siveyans total ki fèt sou timoun yo pou yo degaje yo pase, mdakò.

Men si pa gen yonn nan bagay sa yo msot di li ki pa egziste nan ansent inivèsite an, mpanse li ta enpòtan pou nou pa aksepte sa kap fèt la.

Nou menm Etidyan inivesite Quiskeya (UniQ) pa aksepte ak nouvo propozisyon pri a e mande pou yo respekte nou kom etidyan.

GoPetition respects your privacy.

The An nou di non ak lajan sesyon an yo monte a! petition to Université Quiskeya (UniQ) was written by Azaph Louissaint and is in the category Students' Rights at GoPetition.