#Health
Target:
Haiti
Region:
GLOBAL

Sa fè lontan kote pèsonèl medical yo(medsen/enfimyè/oksilyè) nan lopital piblik yo ap mande pi bon kondisyon travay. Nou pran anpil angajman, nou mennen anpil batay yon fason pou n' te denonse moun kap pèdi lavi yo pou granmèsi nan lopital piblik yo. Yonn nan gran mouvman nou te mennen se te mouvman 2016 la kote tout lopital piblik nan tout peyi a te kanpe paske yo te about avek move kondisyon yo tap fonksyone san konte lòt mouvman ki te fèt avan e aprè. Malgre sa jiskaprezan pat gen anyen ki te di, okontrè gen anpil gwo moun nan sosyete a ki te diabolize nou. Pèsòn pat kanpe avèk nou, Nan moman difisil sa ke peyi n' ap travèse la, sa vi n' agrave pi plis plè a, men malgre sa pa sousi pou n' vin ede malad yo, anpil nan nou riske vini kanmenm nan lopital yo a pye ou sou moto. Men malgre tou sakrifis sa yo nou twouve se mechan pou yon seri de moun ap chache detwi nou, trete nou de bandi, de kriminèl e mete nou anfas frè n' , sè n', manman nou ak papa nou nan lari a. Se sak fè nou pwofite okazyon sa a pou n' :

1) Voye jete byen lwen tout akizasyon ke fè kwè nou pa vle asiste moun ki an danje
2) Mande kondisyon(materyèl, oksijèn, gan, medikaman e lòt materyèl ijans) nesesè pou n' ka ede viktim yo
3) Mande pou respekte anbilans, e perimèt lopital yo paske souvan malad yo(ti bebe tou) konn pran nan gaz lakrimojèn
4) Mande moun ki konsène pou ede n' rive nan lopital yo.
5) Mande bon jan sekirite nan lopital yo
6) Mande kèk moun nan près la pou yo sispann mete nou anfas pwòp frè nou e sè nou e sispann foure koz politik nan egzèsis pwofesyon an.
7) Mande pou yo ede n' respekte lavi moun ak diyite moun
8) Mande pou yo komprann si pa gen matéryèl e kondisyon nou antanke medsen ou enfimyè nou limite e sa fè nou mal tou lè n'ap gade de moun nou ta ka sove men k' ap mouri pou mank de mwayen.
Nou-Menm-Tou-Nou-Se-Viktim

The Nou-Bouke-Sispann-sispann-Pèsonèl-Medikal-Yo-Di-Non-Sètase. petition to Haiti was written by Wislet Andre and is in the category Health at GoPetition.

Petition Tags

nou Bouke Sispann.Sispann