#Culture
Target:
AKILOVI
Region:
GLOBAL
Website:
akilovi.org

Nou Òganizasyon AKILOVI ap mande tout Vodouyizan kanpe pou kontinye batay injistis ak ignorans kont nou menm Vodouyizan anba men frè ak sè kap kontinye desann Vodou nan maledikasyon e mank de konesans sou Istwa peyi Ayiti.

Aprè jounalis Radyo Tele Karayib lan Robert Céline ke anpil moun konnen sou non
(Bob C)
Te fin Akize Frè nou vodouyizan Chèf Siprèm Hounon Hounan Dada Daagbo ki te sòti peyi Benen pou te vizite peyi Ayiti,

Te pwofite tou Atake piblikman Kominote vodou a an jeneral sou lantèn Radyo Tele Karayib (RTVC) jou ki te 3 Me 2017 lan,
Lèl te chwazi di:
''Se vizit Frè nou Hounon Daagbo ki ta lakòz inondasyon ''Airt port'' Tousen Louvèti a, ak kèk lòt zone nan peyia ankò (yon bagay menm yon zanfan elemantè pap repete koze kremòl sila paske yo konnen kisak yon katastwòf natirèl),
E Bob C te pwofite pou deklare ,
Se vodou a ki Lakòz tout pwoblèm ke peyi AYITI ap andire jounen jodia...''

*Oganizasyon AKILOVI nan bonjan solidarite*
*ak plizyè sosyete*, *gwoup ak fanmi vodou makonnen fòs yo ansanm* *pou ekri*
*yon* *lèt petisyon* *pou jounalis Robert Céline* *(Bob C) nan lide pou Direksyon Laprès Radyo Tele Karayib ( RTVC)*
*Ta va entèpele Jounalis Bob C*, *pou kesyonel sou kalte deklarasyon irasyonèl sila yo e fèl rann yon eskiz piblik ak tout kominote *Vodou a san bliye frè*
*Nou Hounon Daagbo*

Kalite atak sa yo fè tout vodouyizan sonje ane 1939-1942 kote vodou a te sibi kanpay rejete
Pa Legliz ak kèk lot èd tankou jan Bob C vle komanse fèl lan,
E yo te pran dispozisyon pou fè koupe plis pase 1milyon pyebwa tout kalite toupatou nan peyi Ayiti sou pretèks se nan pyebwa yo ke Dyab peyi a Kache se la yo abite,
San bliye plizyè douzèn Manbo, Houngan ak fanmi, zanmi yo te touye boule tou vivan e anpil te oblije sove kite peyia,

E nou konnen Bob C se yon Kretyen se menm kalte zak sa yo li vle sisite nan mitan popilasyon ki pap bon pou nou yonn paske divizyon pa koze lòt koze ke chirepit e nou tout nan peyia lib e libè gras ak Zansèt nou yo sou pwoteksyon Lwa yo depi 1janvye 1804

E Nou menm vodouyizan nou mete vwa nou ansanm pou nou di non sa pap pase fwa sa an plen 21 ieme syèk,
E avan pouw touye yon vodouyizan jounen jodia ou gen pouw jijel 7fwa77fwa

E Nap pwofite di Mesye *Patrick Moussignac PDG RTVC* poul trè vijilan antanke patwon enstitisyon an
RTVC yon Medya, si prestije de nom e renom pou jan de deklarasyon ilojik, san sans,inadmisib sa yo pa repete andidan enstitisyon an ankò ki kapab koze gwo danje nan mitan sosyete Ayisyèn nan, piske nou konnen wòl medya yo se pa preche divizyon ou ensiste pèp pou fè vyolans

E nap pwofite raple Bob C,
Ke fòs yon nasyon rezide nan sa kel posede kòm zantray li, orijin li, se pa nan sa ke yo enpòte pou li ki vin yon akiltirasyon makiyaj ki chaje avèk plajya jis pou kontwole lespri ou redwiw an esklavaj mantal.
Pandan plis plizyè syèk, ke relijyon pèpè ke kolon yo te enpozew ak esklavaj avèk aplikasyon kòd nwa, relijyon depi sou gran gran paran nou yo te konn matirize yo, trete yi pi mal ke bèt, gran paran nou yo sou direksyon Lwa yo te kase chèn nan pye, nan ponyèt ak nan kou!
Men jiskaprezan anpil nan nou pitit pitit lespri nou toujou nan chèn , nou kite viris kolonizasyon mantal la anvayi nou ki lakòz nou toujou esklav mantalman,
E pou dekolonizasyon mantal sa rive fèt, fòk lanbi revolisyon mantal, ideyolojik e kiltirèl komanse klèwonnen tribò e babò pou simen grenn zouti nan kè ak lespri chak grenn Ayisyen, menm jan zansèt nou yo pat janm sispann batay pou kenbe eskanp vizaj yo byen wo, douvan kolon blan ak bouwo nèg nwa ou ti nèg tchoul blan .

Max pat inosan lè li te di: "Relijyon se lopiòm pou pèp". Yo sèvi avèl pou kontwolew, zonbifyew, rann ou vin pi inyoran, e pou bliye ki kotew sòti, kiyès ou ye, sak pa w' ak sa k' pa paw.
Nou pa bliye lè kretyen yo te fèk rive nan Amerik lan, konbyen sivilizasyon ki detwi tankou Ciboney, Incas, Maya, Taïnos, Arawak, hopi elatriye.
Nan mwens yon deseni, popilasyon Amerendyen an te diminye konsiderabman,
Se pat vodou ki te eradike yo. Yon rapèl nan anal istwa pou sila yo ki renmen bliye ,
E se ta pral gras ak vodou ki tal pral ini nou malgre nou te sòti nan diferan tribi tankou Yorouba, Fongbe, kongo elatriye, e nou pa t' pale menm lang men nou te antann nou nan Linyon pou nou te fè seremoni Bwa Kayiman (e se la deviz peyia ta pral sòti) pou nou te ka libere fizikman anba grif kolon blan
Se gras ak vodou ki fèn gen endepandans sosyal e jewo-politik
Lè kolon blan te konn ap trete Zansèt nou yo pi mal ke bèt ,
E lè yo revandike kolon yo te konn tòtire, krisifye, vide siwo sou yo pou fomi manje yo, yon fason pou te retire lide revolisyon nan panse lot konpatriyòt yo, domaj pou yo ki pa t' reyisi
E zansèt nou yo te aksepte mouri pa pil e pa pakèt pou te ka fè valè nou jounen jodia pou nou menm pitit pitit yo te ka viv lib e libè, poun te sispann mache tèt bese e sispann mete ajenou devan blan je vèt sou tout kalte fòm
E Lwa yo, vodou a se te pigwo zam ke zansèt nou yo te pwosede
Ebyen jounen jodia nou menm pitit pitit nou gen obligasyon pou nou kontinye e pwoteje sou eritaj
E non pou detwil , fòk nou konsyans sispann ipokrizi, sispann galope sou chimen inyorans lan, se nan vodou zansèt nou yo te jwenn fòs pou te goumen pou libète ak kèk dwa nap jwi jounen jodia
E nap raple tout moun ankò ke vodou a pa responsab okenn move sò ni kalamite peyia ap an dire
Se pa vodou ki pote kolera,
Se pa vodou ki te pote tranblemantè 12janvyea
Se pa vodou ki pwovoke fènomèn natirèl yo, e ganpil lòt trè souvan kap viv tsunami, inondasyon, Ebola,omisid, elatriye...
(E se pa sèl Ayiti air port inonde)
Se pa vodou ki koz peyia debwaze, se te mouvman pwotestan ki tap mache koupe pyebwa nan lide se repozwa Lwa yo kote ''Dyab'' rete
Se pa vodou ki pwovoke divizyon nan sosyetea paske depi nan Ginen nou te konn repete vwazinaj se fanmi

Pou nou fini nap aprann ou yon pèp inyoran, ipokrit se yon pèp ki kondane poul viv nan malsite
Yon pèp ki inyore kote l' sòti ki pa konn sa k' pou li ak sa k' pa pou li, se yon pèp ki kondane pou kouri nan 4chimen san konn kotel prale piskel pa konn kotel soti
E pa bliye vodou se sous lan , yon kalfou nou tout pile menm lè anpil nan nou inyorel

Vodou se nanm nou, se fòs tout Ayisyen,
Vodou se Ayiti, Ayiti se vodou, Viv vodou

Ayibobo, Ayivodou, Ayizan, Ayiti

The Demisyon BOB C ak Eskiz National petition to AKILOVI was written by AKILOVI and is in the category Culture at GoPetition.